Anons lanmò Papa Messi trè enkyè pou moral jwè a

Jorge Messi, papa e ansyen ajan Lionel Messi, mouri a 68 an
Mond foutbòl la nan lapenn jodi a apre nouvèl lanmò Jorge Messi, papa e ansyen ajan superstar ajantin Lionel Messi. Jorge te mouri vandredi swa nan yon klinik nan vil Rosario an Ajantin, alaj 68 an, aprè yon konba ki te dire lontan kont maladi.

Se klèb Newell’s Old Boys de Rosario klèb kote Lionel te fè premye pa li nan foutbòl lè li te timoun ki te anonse nouvèl la nan yon kominike ofisyèl.

Yon papa ki te toujou la
Jorge pa t sèlman papa Lionel Messi li te vrèman fondasyon karyè a li tou e se li menm ki te fè premye antrenè Lionel an Ajantin, e se avè l sèlman Lionel te kite peyi a lè li te gen 13 an pou l ale nan Bawselòn, kote Lionel te resevwa trètman pou yon pwoblèm ómòn kwasans pandan l ap devlope kòm jwè nan katégori jenès FC Barcelone nan

Pandan tout ane difisil sa yo an Espay, se Jorge sèl ki te avèk Lionel Messi ki byen lwen manman messi ak twa lòt pitit li yo ki te rete Ajantin. Nan yon entèvyou, Lionel messi te sonje kijan tou de te konn kache kriye pou kont yo nan chanm apa, pandan yo te fè sanblan tout bagay ap byen mache.
Aprè Lionel messi te vin yon gwo vedèt, Jorge te vin ajan ofisyèl li, e se li menm ki te negosye anpil nan gwo kontra karyè a soti Barcelone rive Paris Saint-Germain, jouk Inter Miami.
Sante l t ap febli depi kèk tan
Depi koup di Mond 2026 la, moun te remake yon Lionel Messi ki te vin emosyonèl anpil sou teren an, e aprè match kont Aljeri a li te esplike se pa t foutbòl ki te lakòz se te “kèk jou difisil” li t ap pase. Deklarasyon sa a te lakòz anpil espekilasyon nan medya yo, e fanmi Messi a te dwe pibliye yon kominike pou konfime Jorge te gen pwoblèm sante, men l ap resevwa swen medikal.
Kèk semèn aprè , Lionel messi te menm sote match All-Star MLS la pwobableman pou l al pase tan ak papa l anvan l te retounen jwe pou Inter Miami.

Yon pèt pou tout fanmi foutbòl la
Malgre diskresyon li te toujou genyen devan kamera yo, Jorge te toujou yon prezans esansyèl nan pi gwo triyonf pitit gason l lan, sitou nan Koup di Mond yo. Absans li te deja santi nan dènye koup diMond Etazini an, kote sante l te deja ap enkyete fanmi an.
Kondoleyans ap kontinye rive nan men klèb, jwè, ak milyon fanatik foutbòl atravè lemond ki rekonèt wòl kle Jorge Messi te jwe nan konstwi youn nan pi gwo karyè istwa espò a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Share with