
[caption id="attachment_275" align="alignnone" width="300"]
Yon jwè ayisyen kont Real Madrid: Lenny Joseph ap afwonte Los Blancos ak Ferencváros
7 out 2026
Samdi 8 out 2026, Real Madrid ap jwe yon match amikal preparasyon kont Ferencváros nan Groupama Aréna, Budapest (Ongri), a 19:00 lè Ewòp Santral (13:00 lè Ayiti/Lès Etazini). Nan ekip Ongwa a, gen yon jwè ki gen nasyonalite ayisyen ki se Lenny Joseph.
Detay match la
Match la se twazyèm match amikal preparasyon Real Madrid, apre yo te deja jwe kont Alcorcón, Leganés ak Fiorentina. Anba direksyon nouvo antrenè Jose Mourinho, Los Blancos ap kontinye prepare pou nouvo sezon La Liga a.
Konvokasyon Real Madrid pou match la:
• Gadyen bi: Lunin, Sergio Mestre, Javi Navarro
• Defansè: Trent Alexander-Arnold, Álvaro Carreras, Rüdiger, Huijsen, Dumfries, Joan Martínez, Lamine, Mario Rivas
• Milye teren: Camavinga, Valverde, Arda Güler, Bernardo Silva, Cestero, Lacosta, Alexis Ciria
• Atakan: Vinicius Jr, Brahim, Endrick, Carlos Espí, Daniel Yáñez
Nouvo rekri a ki se Yan Diomandé pap disponib pou match sa, paske li poko ase antrene ak gwoup la depi li fèk siyen an. Men Vinicius Jr, Brahim ak Bernardo Silva ki fèk retounen nan antrènman ap gen chans jwe kèk minit nan match sa.
Kiyès Lenny Joseph ye
Lenny Joseph se yon atakan 25 an li (fèt 12 oktòb 2000) li jwe pou Klèb ongwa Ferencváros depi 2025 , Malgre li fèt Paris, Frans, li chwazi reprezante Ekip Nasyonal Ayiti a , yon chwa ki soti nan san papa ayisyen li (manman l gen orijin Kongo demokratik).
Karyè li:
• Li kòmanse nan lekòl Le Puy ak Boulogne, an Frans
• Li pase pa Metz ak Grenoble anvan li rive Ferencváros an 2025
• Sezon 2025-2026 la, li make 7 gòl ak Ferencváros nan chanpyona Ongwa a
• Li te ede Ferencváros genyen Magyar Kupa (Koup ongri a ) an me 2026
Ak ekip nasyonal ayiti a:
Li te reprezante Ayiti nan Mondyal 2026 la, e li te deklare nan yon entèvyou ak Fradi ke se te yon rèv pou li jwe nan yon Mondyal e Sa montre atachman fò li genyen ak rasin ayisyen l yo, menm si li devlope karyè li an Frans ak Ongri.
Yon match senbolik
Menmsi se yon match amikal san gwo anje sou teren an , prezans Lenny Joseph sou teren an pral enteresan pou kominote ayisyen an: se yon jwè ki gen san ayisyen k ap afwonte yonn nan pi gwo klèb nan mond lan. Pandan Real Madrid ap prepare pou yon sezon k ap chaje ak atant apryo fin siyen gwo jwè tankou Diomandé ak Bernardo Silva, match sa a ap bay fanatik ayisyen yo yon okazyon pou yo swiv yon reprezantan ayisyen sou yon gwo sèn foutbòl entènasyonal.
Credit image: (Photo by Sarah Stier – FIFA/FIFA via Getty Images)
