Vinicius Jr rete nan Real Madrid jiska 2032 — Arsenal pèdi kous la, 6 out 2026 —sispenn lan fini. Aprè plizyè mwa negosyasyon 
Real Madrid anonse jodi a yo siyen yon pwolongasyon kontra sis lane ak zetwal brezilyen an Vinicius Junior, ki kenbe l nan klèbla jiska 30 jen 2032.
Klèb la konfime nouvèl la nan yon kominike ofisyèl: “Real Madrid C.F. ak Vinicius Jr antann yo pou pwolonje kontra jwè nou an, ki kenbe l ak klèb la jiska 30 jen 2032.”
Yon negosyasyon ki te long e difisil
Diskisyon ki t ap fèt depi plis pase yon lane te bloke pandan plizyè mwa akoz yon dezakò sou kondisyon finansye yo. Vinicius, ki t ap touche anviwon 17-17.5 milyon dola pa ane nan dènye ane kontra li a, te reklame yon salè ki ta rive jiska 30 milyon dola pa ane. Real Madrid, bò kote pa yo, te ofri plizyè kontra pwopoze — 20, apre 22 milyon dola — anvan yo rive jwenn yon akò final ki gen ladan yon estrikti ki ka monte jiska 24 milyon dola nè pa sezon ak bonis.
Longè kontra a se sis(6) lane olye de yon kontra pi kout — se sa ki te pèmèt de kote yo rapwoche pozisyon yo, daprè plizyè sous,
Arsenal te nan kous la , Enterè Arsenal, k ap dirije pa Mikel Arteta, te vin ogmante Presyon sou Real Madrid pou yo te regle sitiyasyon an pi vit. Klèb anglè a te swiv negosyasyon yo trè prè e te pare pou pwofite si diskisyon yo te echwe. Men, relasyon solid Vinicius genyen ak antrenè Jose Mourinho e ki te jwe yon wòl kle nan dènye etap negosyasyon an te fè balans lan panche pou Madrid.
Yon karyè ki deja ekri nan istwa klèb la
Depi li rive Real Madrid an jiyè 2018, aprè yon transfè ki te koute prèske 46 milyon dola bò kot Flamengo, Vinicius fè 375 match, mete 128 gòl, e genyen 14 twofe ak klib la: 2 Ligue des Champions, 3 Coupe du Monde des Clubs, 2 Super Coupe UEFA, 3 titre La Liga, 1 Copa del Rey, ak 3 Super Coupe Espagnol.
Jwè brezilyen an te make gòl detèminan nan de dènye final Ligue des Champions Real Madrid genyen yo — an 2022 kont Liverpool, e an 2024 kont Borussia Dortmund. An 2024, li te ranpòte prim The Best FIFA Men’s Player.
Apre anons lan, Vinicius reyaji sou rezo sosyal li yo: “Wit ane nan Bernabeu se twò kout… 6 lane anplis e pou tout tan!”
Photo credit : CC BY 3.0 —:https://creativecommons.org/licenses/by/3.0
